Nos Publications

Restez connecté pour savoir ce que nous entreprenons au sein du ministère

Partager cette page

img
img
MDE 28 août 2024

ENTÈDIKSYON POU KONSTWI, KOUPE PYEBWA, OSWA PLANTE JADEN NAN FORÈDÈPEN

 

KOMINIKE POU LAPRÈS

 

ENTEDIKSYON POU KONSTWI, KOUPE PYEBWA, OSWA PLANTE JADEN NAN INITE 1 NAN PAK NASYONAL NATIREL FORÊT-DES-PINS (PNN-FP) AK ALANTOU LI YO.

  

Sou baz Lwa, Dekrè-Lwa, Dekrè ak Arete ki aplikab nan peyi Ayiti, sitou Konstitisyon Peyi a, Kòd Riral 1962, Lwa 29 me 1963 ki adapte Lwa 22 jiyè 1937 sou fason pou abite ak amenaje vil ak kanpay yo, Dekrè 18 mas 1968 sou "Pak Nasyonal" ak "Sit Natirèl", Dekrè janvye 2006 sou Jesyon Anviwònman, ak Dekrè 5 out 2020 ki òganize Ministè Anviwònman;

Lè n pran Arete 29 mas 2017 ki modifye Arete 8 janvye 2014 ki divize Pak Nasyonal Natirèl Forèdèpen (PNN-FP) an 2 pati pou Pak la ka pi byen jere;

Lè n konsidere enterè sit natirèl peyi Ayiti yo, espesyalman forè Pinis ak Latifoliè ki nan espas sa a, ki nan Rezèv Biosfè Lasèl, ki plase sou lobedyans UNESCO depi lane 2012;

Lè n konsidere nesesite pou pwoteje resous natirèl ak kiltirèl sa yo pou edikasyon piblik, pwoteksyon byodivèsite, pwoteksyon anviwònman, ak pou fè pwomosyon pou touris dirab;

Entèdiksyon sou aktivite bati, koupe pyebwa, fè wout, ak tranzaksyon imobilye nan Inite 1 Pak Nasyonal Natirèl Forèdèpen (PNN-FP)

Konsidere atik 62 rive 67 nan dekret 2020 ki òganize kò siveyans anviwònman an e defini tach kò sa a sou pwoteksyon zòn pwoteje yo,

Konsidere atik 155 rive 157 nan dekret 2006 ki etabli responsablite pénal ak sivil sou infraksyon anviwònmantal yo, e ke dènye dife volontè ke yo te mete nan "Forêt des Pins" sa a reprezante yon infraksyon anviwònmantal:

Ministè Anviwònman fè konnen:

  1. Entèdiksyon Aktivite: Tout aktivite bati, koupe pyebwa, fè wout, afèmè, ak lòt travay tè, kòm byen ke tout tranzaksyon imobilye nan Inite 1 Pak Nasyonal Natirèl Forèdèpen (PNN-FP) ak zòn ki atache a, entèdi.
  2. Anilasyon Otorizasyon: Tout otorizasyon ki te bay pa Lameri Fonvèret oswa nenpòt lòt otorite pou aktivite bati nan Pak sa a anile san kondisyon.
  3. Pwotokòl: Koumaniké sa a pibliye bay Konsèy Minisipal Fonvèret, Tribinal, Polis Nasyonal Ayiti, Ajan ki ap siveye ak pwoteje yo, ak Ajans Nasyonal Pwoteksyon yo (ANAP). Yo obligatwa pou sispann tout aktivite bati, fè wout, afèmè, ak lòt travay tè, ak tout tranzaksyon imobilye nan Inite 1 Pak Nasyonal Natirèl Forèdèpen (PNN-FP), nan respè delimitasyon Arete 8 Janvye 2014 ak Arete 29 Mas 2017 sou Pak Nasyonal Natirèl Forèdèpen (PNN-FP).
  4. Pwopriyete Prive: Pwopriyete prive ki pa gen papye legal nan Pak sa a dwe rete jan yo ye a nan men pwopriyetè yo. Sa yo rete disponib pou Leta jan lalwa prevwa, ak selon Plan Devlopman Komin nan ak Plan Jesyon Pak Nasyonal Natirèl Forèdèpen (PNN-FP). Leta pa otorize okenn moun bati nan Pak sa a, eksepte pou amenajman Mache Piblik ak enfrastrikti transfòmasyon agrikòl ki resevwa pèmisyon ofisyèl.
  5. Sanksyon Legal: Lajistis ap pran mezi kont tout moun ki vyole Kominike sa a oswa ki angaje nan aktivite ki entèdi nan Inite 1 Pak Nasyonal Natirèl Forèdèpen (PNN-FP).

 

Moïse Fils JEAN-PIERRE, Ing.
Minis Anviwònman

 

COMMUNIQUÉ

 

INTERDICTION DE CONSTRUIRE, D’ABATTRE DES ARBRES OU D’IMPLANTER DES JARDINS DANS L’UNITE 1 DU PARC NATIONAL NATUREL FORÊT-DES-PINS (PNN-FP) ET SES ENVIRONS.

 

En vertu des lois, décrets-lois, décrets et arrêtés en vigueur en Haïti, notamment :

  • Le Code rural de 1962,
  • Le Code civil,
  • La Loi du 29 mai 1963 modifiant celle du 22 juillet 1937 sur l'habitation et l'aménagement des villes et campagnes,
  • Le Décret du 18 mars 1968 relatif aux « parcs nationaux » et « sites naturels »,
  • Le Décret de janvier 2006 portant sur la gestion de l'Environnement,
  • Le Décret du 5 août 2020 organisant le Ministère de l’Environnement,
  • La Constitution de la République d’Haïti,

et vu l'Arrêté du 29 mars 2017, qui modifie l'Arrêté du 8 janvier 2014 et divise le Parc National Naturel Forêt des Pins (PNN-FP) en deux unités pour une gestion améliorée,

Considérant l'importance écologique des sites naturels, en particulier des forêts de Pinus occidentalis et de Trifoliés situées dans cette zone, qui font partie de la réserve de biosphère La Selle, reconnue par l’UNESCO en 2012,

Considérant la nécessité de protéger ces ressources naturelles et culturelles pour l'éducation publique, la conservation de la biodiversité, la population locale et la promotion du tourisme durable,

Considérant les articles 62 à 67 du décret-cadre de septembre 2020 organisant le corps de surveillance environnementale et définissant les taches dudit corps quant à la protection des aires protégées,

Considérant les articles 155 à 157 du décret de janvier 2006 établissant la double responsabilité pénale et civile quant aux infractions environnementales et que les récents feux volontaires qui ont éclatés dans ce cadre constituent une infraction environnementale :

Ministère de l’Environnement

Le Ministère de l’Environnement annonce ce qui suit concernant le Parc National Naturel Forêt des Pins (PNN-FP) unité 1 :

  1. Interdictions Générales : À compter de la publication du présent communiqué, tous travaux de construction, de percement de route, de lotissement ou d'exploitation du sol sont interdits dans le Parc National Naturel Forêt des Pins (PNN-FP) unité 1. De plus, toute transaction ou aliénation immobilière dans ce parc est proscrite.
  2. Annulation des Autorisations : Toutes les autorisations de vente ou de construction antérieurement délivrées par la Mairie de Fonds-Verrettes ou d'autres instances sont annulées.
  3. Obligations des Autorités : Le Conseil municipal de Fonds-Verrettes, le Tribunal de paix, la Police nationale d’Haïti, ainsi que la Brigade de Surveillance des Aires Protégées (BSAP) de l’Agence nationale des aires protégées (ANAP) sont tenus de stopper immédiatement tous travaux de construction, de percement de route, de lotissement ou toute exploitation du sol dans le Parc et ses environs, conformément aux délimitations établies dans les Arrêtés du 8 janvier 2014 et du 29 mars 2017.
  4. Propriétés Privées : Les propriétés privées légalement acquises situées dans l’espace visé seront reconnues comme telles et demeureront en toute propriété aux mains de leurs propriétaires. Toutefois, ces propriétés seront soumises aux servitudes publiques prévues par la loi, le plan de développement de la commune, et le plan de gestion du Parc National Naturel Forêt des Pins (PNN-FP) unité 1. Aucune nouvelle construction ne sera autorisée, à l’exception des installations du marché public et des infrastructures de transformation prévues par la Mairie.
  5. Sanctions : Tout contrevenant aux dispositions du présent communiqué, ainsi que tout instigateur d'incendie dans le Parc National Naturel Forêt des Pins (PNN-FP) unité 1, sera passible des sanctions prévues par la législation en vigueur.

 

 

Moïse Fils JEAN-PIERRE, Ing.

              Ministre