Piblikasyon nou yo

Rete konekte pou chèche konnen ki sa n ap fè nan ministè a

Partager cette page

img
img
MDE 8 août 2018

Eksplwatasyon sab ak gravye san kontwòl bò lanmѐ Marigo, men sa Ministѐ Anviwonnman di sou sa

Pòtoprens, jou ki 16 mas 2018 la. Ministѐ Anviwonnman fѐ tout moun konnen, aprѐ atik ki te parѐt sou rezo sosyal yo ki te pale sou eksplwatasyon sab ak gravye ki t ap fѐt nan bò lanmѐ Marigo a, yon delegasyon Ministѐ a  ki te gen nan tѐt li Direkris Jeneral la akonpaye ak lòt kad biwo santral la, te  ale nan zòn nan pou te verifye sa ki te  di a, jou ki te premye mas 2018 la.

Nan sans sa, te gen yon chita pale ki te fѐt ant otorite lokal yo ak kad  Ministѐ a pou plis limyѐ te kapab blayi sou koze sila.

Men yo vin jwenn, nan mwa jiyѐ 2017, genyen yon konpayi ki chita kòl nan Kay-jakmѐl ki rele AQUIMEL te jwenn otorizasyon lameri ak Biwo min ak enѐji pou li pran sab ak gravye bò lanmѐ a.

Lѐ Direksyon Deptamantal Anviwonnman te jwenn enfomasyon an nan dat 19 dawou 2017, li te mande lameri Marigo pou li te fѐ kanpe operasyon sila. Sou menm koze sa tou, Minis Anviwonnman Pierre Simon GEORGES, te ekri Minis Enteryѐ a pou li te mande li pou li pale ak majistra zòn nan pou te fѐ kanpe operasyon an.

Entѐvansyon sila te pote fwi paske depi lѐ a lameri Marigo te fѐ parѐt yon arete ki entѐdi tout eksplwatasyon sa bak gravye bò lanmѐ.

Malgre sa, Ministѐ Anviwonnman ap poze tѐt li kesyon koman yon konpayi te fѐ jwenn otorizasyon pou li te leve sab ak gravye san li pat jwenn otorizasyon Ministѐ a li menm.

Nan sousi pou pwoteje tout ekosistѐm maren nan peyi a pou li kapab sѐvi tout moun k ap viv nan zòn bò lanmѐ yo, Ministѐ a mande pou tout moun sitou sila yo ki nan depatman sidѐs pou yo rete vijilan pou sa pa refѐt ankò.