

Ranfòsman kapasite adaptasyon kominote kotyè Ayiti yo nan chanjman klima
Pwojè sa a adrese bezwen adaptasyon a koze chanjman klima a, yon priyorite devlopman nasyonal e ki idantifye nan kad kopérasyon aktyèl Nasyonzini ak PNUD an Ayiti. Pwojè sa a, ki se premye nan karegori pa-l lan, avèk sipò GEF, ak lòt patnè nasyonal ak entènasyonal, ap ede ogmante konsyans sou vilnerabilite zòn kotyè yo nan yon kontèks chanjman klima. Atravè yon apwòch sistemik, pwojè a pral konsantre sou pwomosyon pi bon planifikasyon ak envèstisman politik nan zòn kotyè yo, pandan y ap ranfòse kapasite e amelyore fondasyon pou pi bon desizyon nan zòn potansyèl e nan moman ki pi bon.