Piblikasyon nou yo

Rete konekte pou chèche konnen ki sa n ap fè nan ministè a

Partager cette page

img
img
MDE 30 avril 2018

Ayiti: Plan Adaptasyon Nasyonal

Ayiti se yon peyi ki vrèman vilnerab a chanjman nan klima e pri pou domaj ki asosye ak sa, ap anpil si pa gen okenn pwosesis yo tanmen nan yon fason estratejik ak operasyonèl. Vrèman vre, daprè konklizyon yo nan yon etid sou estimasyon nan depans nan enpak chanjman nan klima an Ayiti, si pa gen anyen ki fèt sou kesyon sa, sa kapab rive koute Ayiti, 3 milya dola USD jouk 2025, alòske adaptasyon an tap mande 261 milyon USD sou peryòd sa a menm.

Kidonk, adaptasyon nan chanjman nan klima ta ka reprezante yon ekonomi de 1 milya ak 500 milyon USD an 2025 si nap konparel ak pri sa ap koute si pa gen anyen ki fèt. Inaksyon sa a tou ap gen yon enpak patikilye sou sektè agrikòl la, ki konte pou 26% PIB Ayiti a selon enfòmasyon ki disponib. Se nan sans sa Direktris PNUD lan, Yvonne HELLE, pale nan atelye èstratejik ak edikasyon sa a, li te mete aksan sou jan chanjman klima a reprezante gwo defi ekonomik ak sosyal nan peyi a.

Li wè li kòm yon menas grav pou efò pou konbat povrete, ogmante sekirite alimantè ak devlopman ekonomik.